Misyon Mangwòv Maya
Ekstrè gratis an Kreyòl ak AnglèFree bilingual excerpt (Kreyòl and English)
Maya te yon ti fi ki t ap viv nan yon ti vilaj nan peyi Ayiti, kote solèy te konn klere. Li te toujou kontan lè wikenn nan t ap pwoche, paske granpè li, Papa Jo, te konn mennen li fè pwomnad an bato. Maya te renmen gade pye mangwòv yo: li te twouve yo tèlman bèl! Yon jou, li mande Papa Jo kisa ki te fè yo espesyal konsa.
Maya was a little girl who lived in a small village in sunny Haiti. She always looked forward to the weekend because her grandfather, Papa Jo, would take her on boat rides. Maya loved watching the mangrove trees: she thought they were so beautiful! One day, she asked Papa Jo what made them so special.
Papa Jo souri epi li di:
Papa Jo smiled and said:
“Mangwòv sa yo tankou sipèewo, Maya. Lè gen tanpèt, pye mangwòv yo sèvi kòm baryè: yo ralanti vag yo epi yo ede anpeche dlo lanmè anvayi tè ki toupre rivaj la. Rasin yo kenbe tè a tou pou vag yo pa pote li ale.”
“These mangroves are like superheroes, Maya. When there are storms, the mangrove trees act as barriers. They slow down the waves and help stop seawater from flooding the land near the coast. Their roots also hold the soil so the waves cannot wash it away.”
Maya te sezi.
Maya was amazed.
“Kidonk, mangwòv yo tankou yon boukliye pou Ayiti!” li di.
“So mangroves are a kind of shield for Haiti!” she said.
“Se sa menm,” Papa Jo di pandan li kontinye esplike.
“Exactly,” said Papa Jo as he continued to explain.
“Mangwòv yo bay anpil ti pwason yon kote ki an sekirite pou yo grandi tou, tankou brochèt ak ronkè.”
“Mangroves also give many young fish, such as snook and grunts, a safe place to grow.”
Pou paran, fanmi ak lòt granmoun k ap liFor parents, families and other adult readers
Ou te renmen istwa Maya a? Edisyon bileng Kreyòl-Anglè a disponib pou achte.Enjoyed Maya? The bilingual Kreyòl-English edition is available to buy.Questions or problems? help@patwahpress.com