Patwah Press

Misyon Mangwòv Maya

K A Hopkins

Maya te yon ti fi ki t ap viv nan yon ti vilaj nan peyi Ayiti, kote solèy te konn klere. Li te toujou kontan lè wikenn nan t ap pwoche, paske granpè li, Papa Jo, te konn mennen li fè pwomnad an bato. Maya te renmen gade pye mangwòv yo: li te twouve yo tèlman bèl! Yon jou, li mande Papa Jo kisa ki te fè yo espesyal konsa.

Papa Jo souri epi li di:

“Mangwòv sa yo tankou sipèewo, Maya. Lè gen tanpèt, pye mangwòv yo sèvi kòm baryè: yo ralanti vag yo epi yo ede anpeche dlo lanmè anvayi tè ki toupre rivaj la. Rasin yo kenbe tè a tou pou vag yo pa pote li ale.”

Maya te sezi.

“Kidonk, mangwòv yo tankou yon boukliye pou Ayiti!” li di.

“Se sa menm,” Papa Jo di pandan li kontinye esplike.

“Mangwòv yo bay anpil ti pwason yon kote ki an sekirite pou yo grandi tou, tankou brochèt ak ronkè.”

“Mangwòv yo bay anpil zwazo, tankou krabye vèt ak zegrèt blan, kote pou yo poze, manje epi fè nich.”

“Krab mangwòv ak krab tè ble viv nan mitan rasin yo tou.”

“Mangwòv yo enpòtan tou pou zannimo ki an danje pou yo disparèt, tankou lamanten Karayib la, kèk moun rele bèf lanmè. Rasin mangwòv yo ede kenbe dlo a pwòp epi kalm. Sa ede zèb lanmè lamanten yo manje a grandi, epi sa bay manman lamanten yo kote ki an sekirite pou yo elve pitit yo.”

“Kisa sa vle di lè yon zannimo an danje pou li disparèt?” Maya mande.

“Sa vle di pa gen anpil nan bèl zannimo sa yo ki rete nan mond lan. Si nou pa pwoteje yo ak kote yo viv yo, yo ka disparèt pou toutan,” Papa Jo reponn dousman. “Nou toujou gen lamanten isit la ann Ayiti, kidonk nou toujou gen tan pou nou pwoteje yo.”

“Mwen tèlman kontan nou gen mangwòv pou tout zannimo sa yo jwenn yon kote pou yo viv!” Maya di ak yon souri.

“Enben, Maya…” Papa Jo di, epi vwa li vin serye yon sèl kou. “Dènye tan sa yo, mangwòv Ayiti yo ap sibi anpil pwoblèm. Moun koupe pye mangwòv pou fè chabon epi pou konstwi kay ak wout. Yo kite fatra plastik dèyè tou, sa ki anpeche ti mangwòv yo grandi.”

Papa Jo mete men li dousman sou zepòl Maya.

“San mangwòv yo, peyi nou an ap pèdi boukliye li. Nou bezwen pwoteksyon sa a paske siklon yo ap vin pi fò epi nivo lanmè a ap monte.”

Maya t ap panse ak tout move bagay ki ta ka rive si pa t gen mangwòv ankò: vag k ap monte, nich dlo t ap pote ale, ak ti pwason ki pa gen kote pou yo kache. Dlo nan je li t ap koule sou figi li.

Papa Jo pran li nan bra li epi li tann san li pa di anyen.

“Èske gen yon bagay nou ka fè pou ede?” li mande.

“Men wi,” Papa Jo reponn. “Menm ti men ka fè yon gwo diferans. Nou ka plante ti mangwòv, ranmase fatra plastik epi esplike moun bò kote nou poukisa mangwòv yo enpòtan konsa.”

Misyon Maya te vin klè: li t ap fè tout sa li kapab pou ede sove mangwòv yo. Aswè sa a, li te dòmi pandan li t ap panse ak ti rasin yo ki t ap vin gwo yon jou.

Li menm ak zanmi li yo kòmanse fè afich pou ede moun nan kominote yo konprann enpòtans mangwòv yo.

Ansanm, yo ranmase boutèy plastik ak lòt fatra dlo a te pote sou rivaj la tou.

Pita nan semèn nan, Maya ak zanmi li yo te plante ti mangwòv yo youn apre lòt, ak anpil swen nan tè labou a, ak ti men yo.

Papa Jo te aprann yo ke pye mangwòv yo grandi byen nan dlo ki se yon melanj dlo dous ak dlo sale. Kote yo te chwazi a te bon anpil paske dlo dous ki soti nan yon larivyè toupre a te melanje ak dlo sale lanmè a.

Kèk mwa apre sa, yon tanpèt rive sot bò lanmè a. Van an t ap soufle fò epi vag yo t ap frape rivaj la.

Maya t ap koute tanpèt la ki t ap fè raj deyò a. Li t ap mande tèt li ki jan pye mangwòv yo t ap reziste, sitou sa li menm ak zanmi li yo te plante kèk mwa anvan an. Li pa t ka tann pou tanpèt la fini pou li al gade mangwòv yo.

Nan demen, lè Maya al gade mangwòv yo, li wè ak pwòp je li jan pye mangwòv yo te ede pwoteje tè a kont vag ak inondasyon.

Li te sezi wè menm ti plant yo te toujou kanpe djanm, ak fèy yo ki te toujou klere ak dlo lapli.

Pandan li te kanpe la, li te sezi wè sa ki te pase a, epi li tande yon vwa li te konnen dèyè li. Se te granpè li, Papa Jo, ki te vini gade mangwòv yo tou, ak yon ti mangwòv nan men li.

“Èske ou konnen poukisa ti mangwòv yo pa t pran domaj pandan tanpèt la?” li mande.

“Paske yo fò,” Maya reponn.

Papa Jo souri epi li di: “Sa se sèlman yon pati nan repons lan. Yo fò paske yo ede youn lòt.”

“Pandan ti mangwòv yo ap grandi, rasin yo gaye epi yo ‘anbrase’ rasin lòt ti mangwòv ki toupre yo. Konsa, yo kenbe youn lòt pou yo pa tonbe lè van an soufle fò.”

Maya souri epi li di: “Mwen renmen mangwòv yo plis toujou kounye a. Yo rete ansanm epi yo soutni youn lòt, menm jan yon fanmi ta dwe fè.”

“Se vre,” Papa Jo di. “Epi ou konnen kisa? Zannimo k ap viv nan forè mangwòv la ede forè a rete vivan tou.”

“Krab tè ble yo fouye twou nan labou a, sa ki ede lè ak dlo rive jwenn rasin yo.”

“Sa pwason yo kite dèyè, ansanm ak ti rès manje, sèvi kòm angrè natirèl: yo nouri pye mangwòv yo epi yo ede kenbe tè a an bon eta.”

“Zwazo yo ede tou: yo chase ensèk ki manje fèy yo e ki ka domaje pye mangwòv yo oswa fè yo malad.”

“Mwen ta renmen moun yo viv konsa tou: ede youn lòt epi travay ansanm, menm jan ak pye mangwòv yo ak zannimo yo!” Maya di ak yon souri pandan li t ap reflechi.

Jou sa a, Maya konprann yon bagay enpòtan: pwoteje pye mangwòv yo ak zannimo yo nan vilaj li a pa t sifi. Mangwòv toupatou ann Ayiti te bezwen èd tou.

Nouvo misyon li se te fè moun toupatou ann Ayiti konnen enpòtans mangwòv yo. Lè li kòmanse lekòl segondè, li kreye yon klib pou ede sove mangwòv yo. Byento, lòt lekòl nan zòn nan kreye pwòp klib pa yo.

Li pa t ka tann pou li pase egzamen bakaloreya li epi ale nan inivèsite pou li vin yon moun k ap pwoteje lanati. Li te vle aprann moun pran swen mangwòv yo epi travay ak lanati olye yo fè li mal.

Li pa janm bliye pawòl Papa Jo yo:

“Mangwòv yo tankou ewo trankil latè a, Maya. Yo pwoteje rivaj nou yo, yo bay anpil zannimo abri epi yo fè nou sonje menm bagay ki pi piti yo ka fè yon gwo diferans. Si nou pran swen yo, y ap pran swen nou tou, epi mond lan ap pi bon pou tout moun.”

Fen

Pwomès moun k ap pwoteje mangwòv

Konpliman! Kounye a, ou se yon moun k ap pwoteje mangwòv!

Istwa Maya an Kreyòl la gratis. Pataje l ak fanmi ak zanmi, ann Ayiti ak lòt bò dlo.

Pou paran, fanmi ak lòt granmoun k ap li For parents, families and other adult readers

Ou te renmen istwa Maya a? Edisyon bileng Kreyòl-Anglè a disponib pou achte. Enjoyed Maya? The bilingual Kreyòl-English edition is available to buy.

Questions or problems? help@patwahpress.com

Retounen anlè